Kisa Kat Travay la ye?

Kisa kat travay la ye?

Last Updated 4 Janvye 2025

Kat travay oubyen Work Permit (I-765 , employment authorization) se yon kat ki otorizew pouw travay legalman nan peyi etazini.  Lot benefis kat travay la bawou se opotinite pouw aplike pou sosyal sekirite nan peyi a. Avek sosyal la ak kat travay la ou ka aplike pou kat kredi, aplike pou travay, aplike pou ID State, aplike pou lisans, aplike pou inivsite, achte kay, achte machin , anrejistreman machin ou, mete asirans sou machin ou, ouvri bizinis ou, fill tax ak anpil lot bagay anko.


Kiyes ki kalifye pou kat travay ? 

Pouw kalifye pou kat travay nan etzini fow fe pati de youn nan kategori sa yo:


Konbyen aplikasyon kat travay la koute? 

Nan le atik sa ekri a lew fil aplikasyon kat travay ou online li koutew $470 men siw fil sou papye li koutew $510.

Siw gen medicaid, Food stamps, wic oubyen ankenn lot ed leta ou ka fil kat travay ou gratis ti cheri. 


Kijan Pou Aplike Pou kat travay ou? 

Pou aplike pou kat travay, ou dwe ranpli fòm I-765 (Demann pou otorizasyon travay). Ou dwe bay dokiman tankou prèv idantite, prev kategori ou tankou I-94 pou mou pawol yo, resi azil ou pou moun kap tann desizyon azil yo, resi aplikasyon rezidans ou pou moun kap tann rezidans yo, aproval Biden ou , aproval TPS ou oubyen resi TPS ou si wap tann desizyon TPS.


Nou la Poun Edew!

Pwosesis kat travay la ka yon pwosesis konplike, men ou pa bezwen fè sa pou kont ou. Nou se espesyalis fòm USCIS ki pale Kreyòl epi ki gen anpil eksperyans travay ak moun tankou ou. Kontakte nou jodi a pou nou ka gide ou atravè chak etap pwosesis la epi asire w ke aplikasyon w lan byen ranpli. Pa rate opòtinite sa a! Rele nou oswa vizite sit entènèt nou an pouw aprann plis epi pran randevou. Nou la poun rann lavi ou pi fasil!